Leviticus 24:2
-Bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo fè ou jwenn bon lwil fèt ak grenn oliv kraze pou gwo lanp sèt branch ki nan Tant Randevou a, pou lanp yo toujou ka rete limen.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Exodus 39:37gwo lanp sèt branch fèt an lò a, ti lanp ki pou moute an liy dwat sou li yo, avèk tou sa ki pou sèvi ak lanp sèt branch lan ansanm ak lwil pou lanp yo,
Numbers 8:2-Pale ak Arawon. W'a di l' konsa: Lè l'ap fè moute sèt ti lanp yo sou pye gwo lanp sèt branch lan, ranje yo yon jan pou yo klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.
2 Chronicles 13:11Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Seyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sèvis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Seyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.
Psalms 119:130Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
Isaiah 8:20W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
Matthew 4:16pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.