Leviticus 25:55
Se pou nou swiv regleman sa yo, paske se esklav pa m' moun pèp Izrayèl yo ye. Yo se esklav mwen te fè soti kite peyi Lejip. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:3Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'.
Leviticus 25:42Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun.
Isaiah 43:3Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.
Romans 6:14Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
Romans 6:22Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
1 Corinthians 9:19Mwen lib, mwen pa esklav pesonn. Men, mwen fè tèt mwen esklav tout moun pou m' ka mennen mezi m' kapab vin jwenn Kris la.