Leviticus 26:12
M'a toujou la nan mitan nou, se mwen menm k'ap Bondye nou, se pèp mwen n'a ye.
Bib La
In The King James Version
And I will walk among you, and will be your God, and ye shall be my people.
In Context
11M'ap rete nan mitan nou nan kay mwen an, m'ap toujou kontan ak nou.
Cross References
Genesis 3:8Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.
Genesis 5:24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
Exodus 6:7M'ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m'a Bondye nou. N'a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a.
Exodus 29:45M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo.
Deuteronomy 23:14Seyè a, Bondye nou an, ap pwonmennen nan tout kan an pou l' pwoteje nou, pou l' lage lènmi nou yo nan men nou. Se poutèt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwòp nèt pou Seyè a pa wè anyen ladan l' ki pou ba l' kè tounen epi ki pou ta fè l' vire do ban nou.