Nehemiah 1:3
Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:33M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pesonn rete ladan yo.
2 Kings 25:10Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.
Ezra 2:1Men lis moun ki te kite peyi Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo moun. Se moun sa yo wa Nèbikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
Nehemiah 2:3Mwen reponn li: -Mwen swete pou monwa viv lontan! Men, ki jan pou m' fè pa kagou lè lavil kote zansèt mwen yo antere a ap fin kraze, lè dife fin boule tout pòtay li yo?
Nehemiah 2:17Men lè sa a, mwen di yo: -Nou wè nan ki traka nou ye avèk lavil Jerizalèm k'ap fin kraze nan men nou avèk pòtay boule li yo. Vini non! Ann al rebati miray ranpa lavil la! Moun va sispann fè nou wont.
Nehemiah 9:36Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou!