Leviticus 26:42
Mwen menm m'a chonje kontra mwen te pase avèk Jakòb, avèk Izarak epi avèk Abraram. Wi, m'a chonje pwomès mwen te fè yo ak peyi mwen te di m'ap ba yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:16Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè.
Genesis 22:15Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:
Genesis 26:24Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
Exodus 2:24Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.
Deuteronomy 4:31Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.
Psalms 85:1(085:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (085:2) Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!