Leviticus 3:5
Pitit Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki te deja sou bwa dife a. Se sa yo rele yon ofrann yo boule nèt nan dife k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:13Lèfini, w'a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w'a ofri yo ban mwen. W'a boule yo nèt sou lòtèl la.
Leviticus 1:9Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 1:17Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l' nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 4:35Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l' pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l' sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Seyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l' pa t' konnen an, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 7:29-Men sa w'a di moun pèp Izrayèl yo. Lè yon moun ap fè yon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou l' pran yon pòsyon ladan l' ki va sèvi tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.
Numbers 18:17Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li.