Leviticus 4:21
Lèfini, l'a pran rès towo a, l'a pote l' andeyò limit kote yo rete a, l'a boule l' menm jan li gen pou l' boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se sa yo rele ofrann bèt yo fè pou wete peche tout pèp la te fè san li pa konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:11Men, l'a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l'.
Leviticus 6:23Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l', se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l'.
Leviticus 16:15Se lè sa a l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a voye l' sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.
Leviticus 16:27Y'a pran towo bèf ak kabrit yo te touye pou wete peche a, y'a pote yo ale andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po vyann yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou fè sèvis pou mande padon pou peche.
Ezra 8:35Moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye pèp Izrayèl la. Yo ofri douz towo pou tout pèp Izrayèl la, katrevensèz belye mouton, swasanndisèt ti mouton ak douz bouk kabrit pou mande Bondye padon pou peche yo. Yo boule tout bèt sa yo nèt nan dife pou Seyè a.
Matthew 20:28Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun.