Leviticus 4:24
L'a mete men l' sou tèt kabrit la, l'a touye l' sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann bèt pou wete peche moun fè san yo pa konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:38Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.
Leviticus 1:5L'a touye towo a la devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va pran san an pou yo ofri l' bay Seyè a. Lèfini, y'a voye san an sou kat bò lotèl ki toupre pòt Tant Randevou a.
Leviticus 3:2L'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.
Leviticus 3:13L'a mete men l' sou tèt li, l'a touye l' la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.
Leviticus 6:18Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l'. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Seyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Seyè a, malè va rive l' poutèt sa.
Leviticus 6:25-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.