Leviticus 4:34
Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:25Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.
Isaiah 42:21Seyè a se yon Bondye ki soti pou sove pèp Izrayèl la. Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo, pou yo tout fè lwanj li.
Romans 8:1Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.
Romans 10:4Paske, avèk Kris la, lalwa a jwenn bout li. Konsa, Bondye fè tout moun ki kwè nan Kris la gras.
Hebrews 2:10Se Bondye ki fè tout bagay, se Bondye k'ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l' te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. Se poutèt sa, li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k'ap mennen yo nan chemen delivrans lan.
1 Peter 1:18Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò.