The Bible Software
bible.software › Leviticus › Leviticus 8 › Leviticus 8:15

Leviticus 8:15

Lèfini, Moyiz touye towo a, li tranpe dwèt li nan san towo a, li mete ti degout san sou kat kòn lotèl la. Apre sa, li fè ofrann pou peye pou tou sa moun te fè ki mal sou lotèl la, li vide tout rès san an atè nan pye lotèl la. Se konsa li mete l' apa pou Bondye, li mande Bondye gras pou li.

Bib La

In The King James Version

And he slew it; and Moses took the blood, and put it upon the horns of the altar round about with his finger, and purified the altar, and poured the blood at the bottom of the altar, and sanctified it, to make reconciliation upon it.

In Context

14Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.

16Apre sa, Moyiz pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a, ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, li boule yo nèt sou lotèl la.

Read all of Leviticus 8

Cross References

Exodus 29:36Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye.

Leviticus 1:11L'a touye l' sou bò nò lotèl la, devan Seyè a. Apre sa, prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la.

Leviticus 3:8l'a mete men l' sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l' la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la.

Leviticus 4:17L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l' sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Seyè a.

Leviticus 4:25Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la.

Leviticus 6:30Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l' anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l' tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l' nèt nan dife.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Leviticus 8:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Leviticus 8:14Leviticus 8Leviticus 8:16 →