Leviticus 8:30
Lè sa a, Moyiz pran ti gout nan lwil pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, li melanje l' ak san ki te sou lotèl la, li voye l' sou Arawon ak sou tout rad li yo, sou pitit gason Arawon yo ak sou tout rad yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:21Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l' yo ak sou rad yo tou. Konsa, w'a mete Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt.
Leviticus 7:35Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Seyè a.
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Isaiah 61:1Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo.
Galatians 5:22Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè.
1 Peter 1:2Se Bondye Papa a ki te chwazi nou dapre plan li te fè davans lan. Gremesi Sentespri li a, li mete nou apa pou li pou n' obeyi Jezikri, pou san Jezikri ki koule pou nou an ka mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye. M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze.