Leviticus 9:3
Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a, yon ti towo san ankenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san ankenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
Leviticus 12:6Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal.
Leviticus 16:5Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y'a boule l' nèt pou Seyè a.
Leviticus 23:12Jou n'ap fè ofrann premye makout rekòt la, n'a pran yon ti belye ki pa gen ankenn enfimite epi ki poko gen ennan, n'a boule l' nèt pou Seyè a.
Ezra 10:19Yo fè sèman y'ap ranvwaye madanm yo, epi yo ofri yon belye mouton bay Seyè a pou mande li padon pou fòt yo te fè a.
Romans 8:3Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.