Leviticus 9:4
Lèfini, y'a pran yon towo ak yon belye pou sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. Y'a ofri yo tout bay Seyè a ansanm ak ofrann grenn ki sot nan jaden yo melanje ak lwil. Y'a fè sa paske Seyè a pral parèt devan yo jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:11Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'.
Exodus 29:43Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen.
Leviticus 2:1Lè yon moun vle fè yon ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden yo bay Seyè a, se pou l' fè farin ak grenn yo anvan. Apre sa, l'a vide ti gout lwil oliv sou li, epi l'a mete lansan sou li tou.
Leviticus 6:14Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki soti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Seyè a devan lotèl la.
Leviticus 9:23Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la.
Numbers 15:3lè n'ap ofri yon towo bèf, osinon yon mouton, oswa yon kabrit pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, tankou yon ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant li, kit se paske nou te fè yon ve, kit se paske nou menm nou te fè lide fè yon ofrann, osinon paske lè fèt n'ap fete pou mwen yo rive,