Lik 1:54
Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,
Bib La
In The King James Version
He hath holpen his servant Israel, in remembrance of his mercy;
In Context
53Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.
55pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.
Cross References
Isaiah 44:21Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!
Isaiah 49:14Men, pèp lavil Jerizalèm lan t'ap di: -Seyè a lage nou. Mèt la bliye nou.
Isaiah 63:7M'a chante pou m' fè konnen tout bèl bagay Seyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil.
Jeremiah 31:20Izrayèl, nou se pitit gason mwen pi renmen an, pitit mwen pi pito a. Chak fwa non nou vin nan bouch mwen pou m' pini nou, mwen chonje jan mwen renmen nou. Se poutèt sa mwen fèb pou nou, m'a gen pitye pou nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Micah 7:20W'a moutre pitit Jakòb yo jan ou toujou kenbe pawòl ou. W'a moutre pitit Abraram yo jan ou p'ap janm sispann renmen yo, jan ou te sèmante l' bay zansèt nou yo nan tan lontan!
Zechariah 9:9Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.