Luke 1:72
Se konsa la gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a.
Bib La
In The King James Version
To perform the mercy promised to our fathers, and to remember his holy covenant;
In Context
71Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo.
73Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an.
Cross References
Genesis 12:3M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
Genesis 22:18Gremesi tout pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon. Wi, yo tout, paske ou te fè sa m' te mande ou fè a.
Genesis 28:14Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
1 Chronicles 16:16Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la.
Psalms 105:8-(we vèsè pwochen)
Psalms 111:5Li bay moun ki gen krentif pou li manje, li pa janm bliye kontra li pase ak nou an.