Lik 1:75
Wi, la fè nou viv apa pou Bondye, la fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.
Bib La
In The King James Version
In holiness and righteousness before him, all the days of our life.
In Context
Cross References
Deuteronomy 6:2Konsa, ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan.
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
Ezekiel 36:24M'ap wete nou nan mitan nasyon yo, m'ap sanble nou soti nan tout peyi yo, m'ap mennen nou tounen nan peyi pa nou an.
Ephesians 1:4Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n' te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an,
Ephesians 4:24Se pou nou vin yon lòt kalite moun jan Bondye vle l' la, pou nou sanble ak li pou nou ka mennen yon lavi ki dwat, yon lavi ki apa pou Bondye, jan verite a mande l' la.
1 Thessalonians 4:7Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li.