Luke 10:28
Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi.
Bib La
In The King James Version
And he said unto him, Thou hast answered right: this do, and thou shalt live.
In Context
29Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen?
Cross References
Leviticus 18:5Se pou nou swiv regleman ak lòd mwen ban nou yo. Gremesi sa m' di nou fè a, tout moun ki koute m' va jwenn lavi. Se mwen menm ki Seyè a!
Ezekiel 20:11Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo.
Ezekiel 20:21Men, pitit yo kenbe tèt avè m' tou, yo pa mache dapre lòd mwen ba yo. Yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi nan dezè a sa m' ta ka fè yo lè m' fache.
Mark 12:34Jezi wè nonm lan te fè l' yon repons moun ki gen konprann, lè sa a li di li: -Ou menm, ou pa lwen peyi kote Bondye Wa a non. Apre sa, pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.
Romans 3:19Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
Galatians 3:12Lalwa pa gen anyen pou l' wè ak lafwa. Okontrè, men sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap fè tou sa lalwa mande a va jwenn lavi ladan l'.