Lik 11:22
Men, si yon pi vanyan pase l' vin rive, l'ap bat li, l'ap wete zam ki te ba l' fòs yo nan men l', l'ap piye tou sa l' te genyen an l'ap separe ak lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Lè yon nonm vanyan ap veye kay li, zam li nan men l', tout byen l' yo byen pwoteje.
23Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye; moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.
Cross References
Isaiah 27:1Jou sa a, Seyè a pral pran gwo nepe li a ki byen file, byen solid, li pral sèvi avè l' pou l' pini levyatan an, gwo koulèv ki konn kouri kache a, gwo koulèv ki konn tòde kò l' la. L'ap touye dragon k'ap viv nan lanmè a.
Isaiah 53:12Se poutèt sa, m'ap pran l' mete l' chèf. M'ap ba li plas nan mitan grannèg yo. L'ap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l' mouri konsa. Li te kite yo mete l' ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki t'ap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo.
Colossians 2:15Avèk Kris la ki mouri sou kwa a, Bondye wete tout pouvwa ak tout otorite lespri yo te genyen nan lemonn. Li fè tout moun wè sa yo ye. Li fè yo mache tankou prizonye devan Kris la ki te genyen batay la.
1 John 4:4Men, nou menm, pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou kraze fo pwofèt yo, paske lespri ki nan nou an gen plis pouvwa pase lespri ki nan moun ki pou lemonn yo.