Luke 11:36
Paske si tout kò ou nan limyè san yon sèl pati ladan l' pa nan fènwa, la klere nèt tankou lè yon lanp klere ou ak bèl limyè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
35Fè sèten pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa.
37Lè Jezi fin pale, yon farizyen envite l' vin manje lakay li. Jezi antre, li al chita bò tab la.
Cross References
Psalms 119:97Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.
Proverbs 2:1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Proverbs 6:23Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi.
Isaiah 8:20W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
Hosea 6:3N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
Matthew 13:52Lè sa a, Jezi di yo: Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l' yo.