Lik 12:10
Tout moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen yo. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a yo p'ap padonnen yo sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 12:31Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.
Luke 23:34Jezi di: Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo tire osò pou separe rad li yo.
Hebrews 6:4Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.
1 John 5:16Si yon moun wè yon frè l' fè yon peche ki p'ap fè l' mouri, se pou l' lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p'ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.