Lik 12:28
Se konsa Bondye abiye pye zèb yo tou: jòdi a yo la, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Se sak fè, se pa nou menm li pa ta abiye. Ala moun manke konfyans nan Bondye!
Bib La
In The King James Version
In Context
29Pa bay kò nou traka pou n' toujou ap chache sa pou n' manje ak sa pou n' bwè.
Cross References
Matthew 6:30Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!
Matthew 14:31Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?
Matthew 17:17Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.
Luke 8:25Epi Jezi di yo: Kote konfyans nou ye? Men, yo te pè, yo te sezi. Yonn t'ap di lòt konsa: Ki moun li ye menm? Li kòmande menm van ak lanmè, yo obeyi li.