Matie 14:31
Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?
Bib La
In The King James Version
In Context
30Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!
32Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.
Cross References
Genesis 22:14Abraram rele kote sa a: Se sou kont Seyè a sa ye. Se poutèt sa, jouk jòdi a, moun ap repete: Sou mòn Seyè a, tout bagay sou kont li.
Psalms 138:7Menm lè mwen nan gwo tèt chaje, ou pa kite m' mouri. Ou leve men ou pou rete lènmi m' yo ki ankòlè. Ou sove m' avèk fòs ponyèt ou.
Matthew 6:30Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!
Matthew 16:8Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
Mark 1:31Lè sa a, li pwoche bò madanm lan, li pran men l', li fè l' leve. Latou, lafyèv la kite l', epi madanm lan resevwa yo.
Mark 5:41Li pran men li, li di li: -Talita koum. -ki vle di: Ti fi, mwen di ou leve.