Matie 6:30
Se konsa Bondye abiye pye zèb yo ki la nan jaden an jòdi a, men denmen yo jete sa nan dife pou chofe fou. Nou pa bezwen mande si li p'ap abiye nou tou. Ala manke nou manke konfyans nan Bondye!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 92:7(092:8) Mechan yo ap grandi tankou zèb, moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen, men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.
Matthew 8:26Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? Ala moun manke konfyans! Apre sa, Jezi leve kanpe, li pale byen fò ak van an ansanm ak dlo a. Lamenm yon gwo kalmi fèt.
Matthew 16:8Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
Mark 4:40Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?
Luke 9:41Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti bway la isit.
John 20:27Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande.