Lik 14:13
Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo.
Bib La
In The King James Version
But when thou makest a feast, call the poor, the maimed, the lame, the blind:
In Context
Cross References
Deuteronomy 16:11N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.
Deuteronomy 26:12Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo.
2 Chronicles 30:24Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (01.000) towo bèf ak sètmil (07.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a.
Nehemiah 8:12Se konsa tout pèp la al lakay yo, yo manje, yo bwè, yo separe sa yo genyen ak lòt moun. Tout moun te kontan, yo t'ap fè fèt, paske yo te konprann sa yo te li pou yo nan liv la.
Job 29:15Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.
Proverbs 3:9Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou.