Lik 15:13
Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l', li pati, li ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l' nan banbòch, li gaspiye tout lajan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Lè msye fin depanse tout lajan l', yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite.
Cross References
Job 21:13Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze.
Psalms 10:4Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.
Proverbs 5:8Rete lwen yon fanm konsa. Pa janm pwoche bò pòt lakay li,
Proverbs 18:9Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak moun k'ap defèt sa k'ap fèt.
Proverbs 21:20Moun ki gen konprann ap gen gwo richès ak kantite bon manje lakay yo. Men, moun sòt gaspiye tout lajan yo.
Proverbs 27:8Yon moun ki lwen lakay li, se tankou yon zwezo ki byen lwen nich li.