Genesis 46:29
Jozèf fè pare cha li a, li moute, li al Gochenn, li al kontre papa l'. Rive Jozèf rive devan papa l', li lage kò l' nan bra l', li pase yon bon tan ap kriye sou zepòl li.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Izrayèl te voye Jida devan al mande Jozèf pou l' vin jwenn li Gochenn.
30Izrayèl di Jozèf konsa: -Koulye a, mwen wè figi ou, mwen konnen ou vivan toujou, mwen mèt mouri.
Cross References
Genesis 41:43Li fè l' moute sou yon cha. Se te pi bèl cha nan tout peyi a apre cha wa a. Li bay gad onè ki t'ap mache devan Jozèf yo lòd pou yo di byen fè: Abrèk. Se konsa farawon an te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip la.
Genesis 45:19Ou menm poutèt pa ou, w'a di yo sa pou yo fè. Y'a pran kèk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini.
Genesis 50:9Te gen anpil cha ak anpil kavalye sou chwal ki t ale avek li. Kifè pa t' manke moun nan lantèman an.
Acts 20:37Yo tout t'ap kriye, yo pran Pòl nan bra yo, yo bo l', yo di li: Bondye avèk ou!