The Bible Software
bible.software › Lik › Lik 15 › Lik 15:5

Lik 15:5

Lè l' jwenn li, l'ap mete l' sou zepòl li ak kè kontan.

Bib La

In The King James Version

And when he hath found it, he layeth it on his shoulders, rejoicing.

In Context

4Sipoze yonn nan nou gen san (100) mouton. Si l' pèdi yonn ladan yo, èske li p'ap kite katrevendisnèf lòt mouton yo nan dezè a, pou li al dèyè sak pèdi a? L'ap chache l' jouk li jwenn li.

6Lè l' tounen lakay li avè l', l'ap rele tout zanmi l' ak tout vwazen l' yo, l'ap di yo: vin fè fèt avè m', mwen jwenn mouton m' ki te pèdi a.

Read all of Lik 15

Cross References

Isaiah 40:10Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.

Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.

Isaiah 62:12Y'a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y'a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p'ap janm lage a.

Jeremiah 32:41M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.

Ezekiel 33:11Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?

Micah 7:18Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Lik 15:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Lik 15:4Lik 15Lik 15:6 →