Jeremiah 32:41
M'a pran plezi pou m' fè yo byen. M'a travay ak tout kè m' ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 60:21Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
Isaiah 62:5Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou
Jeremiah 18:9Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m' leve yon nasyon osinon pou m' fè gouvènman yon wa kanpe.
Jeremiah 31:28Menm jan mwen te pran san m' pou m' te derasinen yo, lage yo atè, demoli yo, detwi yo, fè malè sou yo, se konsa tou mwen pral pran san m' pou m' rebati yo, pou m' replante yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Hosea 2:19Izrayèl, m'ap pran angajman pou m' viv avè ou pou tout tan, m'ap toujou respekte ou, m'ap toujou kenbe pawòl mwen avè ou. M'ap toujou renmen ou, m'ap toujou gen pitye pou ou.
Amos 9:15M'a plante pèp mwen an nan peyi yo a, nan peyi mwen te ba yo a. Pesonn p'ap janm ka derasinen yo ankò. Se Seyè a, Bondye a, ki pale.