Luke 17:16
Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari.
Bib La
In The King James Version
And fell down on his face at his feet, giving him thanks: and he was a Samaritan.
In Context
15Yonn ladan yo ki wè li geri tounen sou wout li, li t'ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande.
17Jezi pran lapawòl, li di l': Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo?
Cross References
Genesis 17:3Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.
Matthew 10:5Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: Piga n' ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo.
Luke 5:8Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l' nan pye Jezi, li di l' konsa: Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon.
Luke 10:32Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.
John 4:21Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a.
John 5:23Konsa, tout moun va gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa gen respè pou Papa ki voye l' la non plis.