Lik 17:20
Farizyen yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l' lan. Li reponn yo: Bondye ap vin tabli gouvènman l' lan yon jan pou tout moun wè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Epi li di li: Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
Cross References
Zechariah 4:6Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Luke 16:16Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.
Luke 19:11Apre sa, Jezi rakonte yon parabòl pou moun ki te fèk tande pawòl sa yo. Paske li te toupre lavil Jerizalèm lan, yo te kwè gouvènman Bondye ki Wa a tapral parèt touswit.
Acts 1:6Lè sa a, moun ki te reyini bò kot Jezi yo pran mande li: Mèt, èske se koulye a ou pral mete gouvènman pèp Izrayèl la sou pye l' ankò?