Zechariah 4:6
Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Li reponn mwen: -Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: -Non, mèt! M' pa konnen non!
Cross References
1 Kings 19:12Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Seyè a pa t' nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle.
2 Chronicles 32:7-Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k'ap mache avè l' la, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l'.
Ezra 5:2Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Psalms 44:3(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Isaiah 30:1Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.