Lik 18:16
Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di: Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 21:4Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la.
Deuteronomy 29:11tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou,
2 Chronicles 20:13Tout mesye peyi Jida yo te kanpe la devan kay Seyè a, ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.
Matthew 18:3Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
1 Corinthians 7:14Mari ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak madanm li ki gen konfyans. Konsa tou, madanm ki pa gen konfyans lan, Bondye asepte l' paske l'ap viv ansanm ak mari l' ki gen konfyans. Si sa pa t' konsa, pitit nou yo ta tankou pitit moun lòt nasyon yo. Men, jan sa ye a, yo menm tou Bondye asepte yo.
1 Peter 2:2Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.