Matthew 18:3
Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Jezi rele yon timoun, li mete l' nan mitan yo.
Cross References
Psalms 131:2Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l'. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.
Matthew 5:18Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive.
Matthew 6:2Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l' nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Matthew 6:16Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Matthew 19:14Jezi di yo: Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa enpoze yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye.
Mark 4:12Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p'ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p'ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo.