Luke 18:7
Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l' ede yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
6Jezi di: Nou tande sa move jij la di!
Cross References
1 Samuel 26:10Apre sa, David di: -Mwen fè sèman devan Seyè ki vivan an, se Seyè a menm ki pou touye l'. L'a mouri lè lè pou l' mouri a va rive, osinon l'a mouri nan lagè.
Psalms 10:15Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.
Psalms 54:1(054:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David (054:2) te ekri lè moun peyi Zif yo te al di Sayil men David kache lakay yo. (054:3) Bondye, delivre m' non avèk pouvwa ou! Fè m' jistis avèk fòs kouraj ou!
Jeremiah 20:11Men, Seyè a kanpe la avè mwen. Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa. Se poutèt sa se moun k'ap pèsekite m' yo ki pral bite. Se yo ki pral anba. Yo pral wont anpil paske sa p'ap mache pou yo. Se va yon wont pesonn p'ap janm bliye.
Matthew 7:11Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.
Luke 11:13Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou bon bagay, se pa Papa nou ki nan syèl la ki pou ta refize ban nou Sentespri l', lè nou mande l' li.