Lik 19:22
Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen,
Bib La
In The King James Version
In Context
21Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen.
23poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè.
Cross References
2 Samuel 1:16David menm te di moun Amalèk la: -Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.
Matthew 12:37Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.
Matthew 25:26Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante.