Lik 19:26
Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyès deja.
27Kanta lènmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.
Cross References
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
2 Samuel 7:15Men, m'ap toujou soutni l', mwen p'ap lage l' jan mwen te lage Sayil lè mwen te kite l' tonbe pou m' te mete ou nan plas li.
Ezekiel 44:12Tansèlman, paske yo te asepte fè sèvis pou pèp la devan zidòl yo, paske, lè yo fè sa, yo pòte pèp la tonbe pi rèd nan fè peche, mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen fè sèman, m'ap pini yo pou sa yo fè a.
Matthew 21:43Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.
Mark 4:25Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' ata ti sa l' te genyen an.
Luke 16:3Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite!