Lik 2:20
Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo; yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l', li t'ap repase yo nan tèt li.
Cross References
Psalms 72:17Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.
Psalms 107:8Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.
Psalms 107:21Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
Matthew 9:8Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a.
Luke 19:37Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè.
Acts 11:18Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.