Akdèzapot 11:18
Lè yo fin tande pawòl sa yo, yo sispann kritike l', yo pran fè lwanj Bondye. Yo t'ap di: Se vre wi. Bondye bay moun ki pa jwif yo chans pou yo chanje, pou yo ka resevwa lavi tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 22:30Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l' yo tande sa moun Gad, moun Woubenn ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil.
Isaiah 61:3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Ezekiel 36:26M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.
Acts 3:19Chanje lavi nou, tounen vin jwenn Bondye pou l' ka efase peche nou yo.
Acts 5:31Bondye fè l' moute chita sou bò dwat li, li mete l' Chèf sou nou, li fè l' delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l' tounen vin jwenn Bondye, pou l' resevwa padon pou peche l' yo.
Acts 13:47Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.