Lik 2:35
Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 5:15Chèf branch fanmi Isaka yo te la avèk Debora. Wi, moun Isaka yo vini, Barak te vini tou. Yo swiv li nan tout plenn lan. Men, moun branch fanmi Woubenn yo te divize. Yo pa t' ka deside pou yo vini.
Matthew 12:24Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l' pouvwa pou sa.
John 8:42Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bò kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen.
John 19:25Bò kwa Jezi a te gen manman l' ak sè manman l', Mari, madanm Kleopas la, ansanm avèk Mari, moun lavil Magdala a.
1 Corinthians 11:19(Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.)