Lik 2:34
Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: Bondye chwazi pitit sa a; l'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa.
Cross References
Genesis 47:7Apre sa, Jozèf fè papa l' vini, li prezante l' bay farawon an. Lè Jakòb fin di farawon an bonjou,
Leviticus 9:22Lè Arawon fin fè tout ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal, ofrann pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi, li leve men l' anwo pèp la, li beni yo epi li desann.
Psalms 69:9(069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure.
Isaiah 8:18Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.
Matthew 11:19Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.
Matthew 21:44Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.