Lik 20:47
Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 7:6Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.
Ezekiel 33:31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Amos 8:4Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a.
Micah 2:8Seyè a reponn: Nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou te lènmi yo. Moun ap mache kè pòpòz san okenn lide chache moun kont, men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad ki sou yo.
Matthew 11:22Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo.
Matthew 23:14Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.