Lik 21:16
Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Tout moun pral rayi nou poutèt mwen.
Cross References
Jeremiah 9:4Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.
Micah 7:5Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!
Mark 13:12Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit, pitit va leve kont manman l' ak papa l', la fè touye yo.
Acts 7:59Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen.
Acts 26:10Se sa m' te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale.
Revelation 6:9Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a.