Luke 22:26
Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, sak pi grannèg nan mitan nou an, se pou l' tankou pi piti a; sa k'ap kòmande a, se pou l' tankou sa k'ap sèvi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Jezi di yo: Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa.
Cross References
Matthew 18:3Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Mark 9:35Lè sa a Jezi chita, li rele douz disip yo, li di yo konsa: -Si yon moun vle pou l' nan premye plas la, fòk li mete l' dèyè nèt, fòk li sèvi tout moun.
Romans 12:2Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.
1 Peter 5:5Menm jan an tou, nou menm jennjan yo, se pou nou soumèt devan chèf reskonsab yo. Nan tout rapò nou yonn ak lòt, se pou nou soumèt devan Bondye. Paske Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.