Romans 12:2
Pa fè menm bagay ak sa moun ap fè sou latè. Men, kite Bondye chanje lavi nou nèt lè la fin chanje tout lide ki nan tèt nou. Lè sa a, n'a ka konprann sa Bondye vle, n'a konnen sa ki byen, sa ki fè l' plezi, sa ki bon nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 18:29Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pèp Bondye a.
Psalms 19:7(019:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
Psalms 51:10(051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm.
Psalms 119:72Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.
Psalms 119:103Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.
Psalms 119:174Ou wè jan m'ap tann ou vin sove m'! Mwen jwenn tout plezi m' nan lalwa ou.