Lik 3:6
Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.
Bib La
In The King James Version
And all flesh shall see the salvation of God.
In Context
Cross References
Psalms 98:2Seyè a te fè wè jan l' delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.
Isaiah 49:6Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Mark 16:15Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.
Luke 2:30Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an.
Romans 10:18Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pa t' tande mesaj la? Men wi. Yo tande l' byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesaj yo bay la rive nan dènye bout latè.