Lik 3:5
Tout fon gen pou konble. Tout gwo mòn, tout ti mòn gen pou vin plat. Kote ki gen detou gen pou vin dwat. Chemen ki an movèz eta gen pou vin bèl.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.
Cross References
Isaiah 35:6Moun enfim nan pye yo pral sote ponpe tankou kabrit. Lang bèbè yo pral lage. Yo pral chante. Sous dlo pral pete toupatou nan tout dezè. Dlo pral koule nan tout savann.
Isaiah 42:16M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.
Isaiah 49:11M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.
Ezekiel 17:24Tout pyebwa nan peyi a va konnen se mwen menm ki Seyè a. Mwen koupe gwo pyebwa yo mete atè. Ti pyebwa piti yo, m'ap fè yo grandi. Mwen cheche pyebwa ki vèt yo. Pyebwa ki fin mouri yo, mwen fè yo boujonnen ankò. Se mwen menm Seyè a ki pale. Sa mwen di m'ap fè a, m'ap fè l'.
Hebrews 12:12Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou.