Lik 6:39
Epi li di yo yon lòt parabòl: Eske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Eske tou de p'ap tonbe nan menm twou a?
Bib La
In The King James Version
In Context
40Yon elèv pa pifò pase mèt li; men yon elèv ki fini nèt, l'ap fò tankou mèt li.
Cross References
Isaiah 9:16Moun k'ap dirije pèp la fè l' pèdi chemen l'. Pèp la lage kò l' nan bwa.
Jeremiah 6:15Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Jeremiah 14:15Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!
Zechariah 11:15Apre sa, Seyè a di m': -Pran pòz gadò ou ankò. Men, fwa sa a, yon gadò ki pa vo anyen.
Matthew 23:16Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li.
Romans 2:19Ou mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa,