Romans 2:19
Ou mete nan tèt ou ou ka moutre moun ki pa wè yo chemen pou yo pran. Ou konprann se yon limyè ou ye pou moun ki nan fènwa,
Bib La
In The King James Version
And art confident that thou thyself art a guide of the blind, a light of them which are in darkness,
In Context
18Ou konnen sa Bondye vle ou fè; lalwa a moutre ou ki jan pou ou chwazi sa ki byen.
Cross References
Isaiah 5:21Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!
Isaiah 49:9M'a di prizonye yo al lakay nou! M'a di moun ki te chita nan fènwa yo: Soti vin nan limyè a. Sou tout wout yo, y'a jwenn manje pou yo manje. Tankou mouton, y'a jwenn manje sou tout ti mòn.
Matthew 4:16pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.
Matthew 6:23Men, si je ou an move eta, tout kò ou va nan fènwa. Se sa ki fè, si limyè ki anndan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.
Matthew 23:16Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li.
Luke 1:79Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbraj lanmò. Li gen pou l' fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.