The Bible Software
bible.software › Luke › Luke 6 › Luke 6:7

Luke 6:7

Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li.

Bib La

In The King James Version

And the scribes and Pharisees watched him, whether he would heal on the sabbath day; that they might find an accusation against him.

In Context

6Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk.

8Men, Jezi te konnen sak te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe.

Read all of Luke 6

Cross References

Psalms 38:12(038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen.

Jeremiah 20:10Mwen tande tout moun ap di: -Any! Kote moun pase yo pè! Annou denonse l' bay otorite yo. Ata pi bon zanmi m' yo ap tann konsa mwen fè yon fo pa. Y'ap di: Nou ka pran pawòl nan bouch li pou antrave l'. Lè sa a, n'a met men sou li, n'a tire revanj nou.

Mark 3:2Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.

Luke 13:14Men, chèf sinagòg la pa t' kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a.

Luke 20:20Yo pran veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l' nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite.

John 9:16Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Luke 6:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesThe Fourfold GospelJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Luke 6:6Luke 6Luke 6:8 →