Mak 3:2
Moun ki te la yo t'ap veye Jezi pou wè si li t'ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.
Bib La
In The King James Version
And they watched him, whether he would heal him on the sabbath day; that they might accuse him.
In Context
1Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a.
3Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.
Cross References
Isaiah 29:20Paske lwijanboje a pral jwenn ak bout li. Moun ki t'ap pase Bondye nan betiz la pral disparèt. Yo pral fini ak tout moun ki t'ap chache okazyon pou fè sa ki mal,
Daniel 6:4Lè sa a, lòt gwo chèf yo ansanm ak prefè yo t'ap chache yon okazyon pou yo antrave Danyèl nan travay leta a. Men, yo pa t' ka jwenn anyen pou yo repwoche l' sitèlman Danyèl te yon nonm serye nan tou sa l'ap fè. Li pa t' pote ankenn neglijans ni pa t' gen ankenn mank nan travay li.
Luke 6:7Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l' t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li.
Luke 14:1Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li.
John 9:16Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: Nonm ki fè sa a pa ka soti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo.